Shipping policy

SHIPPING POLICY (POLITIK LIVREZON)

VS Health Store
Dènye Mizajou: 31 Me 2026

Nou fè tout efò pou asire pwodwi ou yo rive jwenn ou rapidman ak an bon eta.

1. Livrezon an Ayiti

Nou livre nan tout depatman ak tout vil an Ayiti.

⏱️ Tan livrezon estime: 5 a 8 jou ouvrab, selon zòn kote kliyan an ye ak disponiblite sèvis transpò yo.

2. Livrezon Entènasyonal

Nou fè livrezon entènasyonal nan plizyè peyi.

⏱️ Tan livrezon estime: 5 a 8 jou ouvrab.

Tan sa a kapab varye selon pwosedi ladwàn, sèvis transpò a ak peyi destinasyon an.

3. Livrezon Nasyonal (Repiblik Dominikèn)

Pou kliyan ki nan Santo Domingo (Kapital la)

Nou ofri livrezon dirèk nan adrès kliyan an.

Pou fasilite livrezon an, kliyan an dwe:

  • Bay adrès li kòrèkteman;

  • Voye lokalizasyon (location) li atravè WhatsApp pou ekip livrezon an ka jwenn li pi fasil.

⏱️ Tan livrezon an ka varye selon zòn ak disponiblite sèvis livrezon an.

Pou kliyan ki deyò Santo Domingo

Nou itilize sèvis transpò sa yo:

Vimenpaq

⏱️ Tan livrezon estime: 3 a 5 jou ouvrab.

Caribe Tours

⏱️ Tan livrezon estime: 1 a 2 jou ouvrab.

Kliyan an responsab pou verifye enfòmasyon li yo avan pwodwi a voye.

4. Responsablite Kliyan an

Kliyan an dwe:

  • Bay non li ak nimewo telefòn li kòrèkteman;

  • Bay adrès oswa lokalizasyon ki egzak;

  • Rete disponib pou resevwa livrezon an.

VS Health Store pa responsab pou reta ki koze pa move enfòmasyon kliyan an bay.

5. Reta ak Evènman Enprevi

Tan livrezon yo se estimasyon. Gen ka kote move tan, pwoblèm transpò, ladwàn oswa lòt sitiyasyon ki depase kontwòl nou ka lakòz reta.

6. Kontak

Pou nenpòt kestyon sou livrezon:

VS Health Store
📱 WhatsApp: +1 (829) 920-1651

Lè ou pase yon kòmand avèk VS Health Store, ou dakò ak kondisyon ki nan Politik Livrezon sa a.